AYITI/ KRIM: DIREKTÈ JENERAL POLIS LA DEVWALE NON BANDI KI TOUYE POLISYE GASLEY LIMAGE LA.

Nan yon konferans pou laprès nan aswè vandredi dizuit (18) jen pase a lakay premye minis pou ti bout tan Claude Joseph, nan « Musseau », Dèlma 60, direktè jeneral polis la Léon Charles devwale non Bandi ki touye polisye « CIMO » Gasley Limage la.

Jimmy Chérisier alyas  » Babecue » se li menm ki asasinen polisye Gasley Limage, daprè direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, li fè konnnen plizyè inite nan lapolis la deja mobilize pou kapab fè fas kare ak zak bandi yo yon fason pou lapè kapab retounen nan peyi a.

Nou ap siyale, polisye Gasley Limage ki sòti nan vent nevyèm pwomosyon polis la te fè pati kò entèvamsyon mete lòd (CIMO), ki te resevwa yon katouch nan tèt te ale fin mouri sou kabann lopital jedi pase a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …