LEMONN/ESTA: USAIN BOLT PAPA DE (2) JIMO, THUNDER AK SAINT LEO.

_Esprenntè lejann e chanpyon olenmpik Usain Bolt ak konpay li Kasi Benett anonse nesans jimo yo, de (2) gason ki rele Thunder ak Saint Leo._

Usain Bolt, lejann nan atletis avèk uit (8) meday lò nan JO 2008, 2012 e 2016 avèk rekò mondyal nan 100 mèt ak 200 mèt avèk tou 23 meday nan chanpyona majè yo, anonse sou Instagram li gen 2 ti gason ki fèk fèt : Thunder ak Saint Leo.

Atlèt Jamayiken an ki gen 34 lane sou tèt li, ki pran retrèt li depi 2017 poste sou Instagram avèk konpay li nan yon foto fanmi kote li moutre yon emoji ki reprezante Usain Bolt kap briye bò kote non jimo yo nan okazyon fèt papa.

Kasi Benett bò kote pa l mete yon foto koup la avèk jimo yo, men tou ak yon foto memorab pitit fi yo Olympia lightning Bolt sou Instagram. » Bonne fête des pères à mon amour de toujours. @Usain Bolt tu es le roc de cette famille et le plus grand des pères pour tes enfants », ekri sou kont Instagram Kasi Benett, rapòte jounal le Parisien.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …