_Pòt pawòl pati politik fanmi Lavalas la, Judson Durogène entèvni sou enfòmasyon ki ap sikile ki ta fè kwè ansyen prezidan repiblik la, Jean Bertrand Aristide ta trape maladi Kovid-19 la._
Daprè Judson Durogène ki tap entèvni sou radyo Zénith, li fè konnen doktè ki ap pran swen ansyen chèf Leta peyi Dayiti a Jean Bertrand Aristide, pa janm deklare ke ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide gen kowona viris.
Pòt pawòl pati a, yon lòt kote, deklare lidè pati a pa fin pote li twò byen. » Prezidan Aristide malad efektivman », pawòl Judson Durogène.
Jackson junior Rinvil