Pati politik konbit aksyon pou devlope Ayiti (KAD-AYITI), selebre jounen madi venn de (22) jen 2021 an, dezyèm anivèsè yo nan depatman Nip.
Seremoni pou make dat la te fèt nan komin Miragwàn, nan entèvansyon li Kòdonatè (KAD- AYITI) a, Serge Delva Gaspard, fè konnen se nan yon kontèks difisil yo selebre dezyèm anivèsè a parapò ak divès pwoblèm ki gen nan peyi a tankou enstabilite politik, ensekirite ak kriz sanitè a. Pilwen, Mouche Gaspard, ki raple pati konbit aksyon pou devlope Ayiti (KAD-AYITI), se yon pati ki la pou defann enterè Ayiti sitou depatman Nip.
Boutofen, Serge Delva Gaspard, ki mande ak diferan aktè yo nan peyi a pou dyaloge epi jwenn yon tèren antant ki pral pote estabilite nan enterè pèp la ki ap soufri depi kèk tan.
Dieuva Occidor