AYITI/SANTE : ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE AL PRAN SWEN NAN PEYI CUBA.

Ansyen prezidan peyi d’ Ayiti pandan de (2) fwa Jean Bertrand Aristide, kite peyi a jounen jedi venn kat (24) jen 2021 an, pou ale pran swen nan peyi « Cuba ».

Ansyen chèf Leta, te gen gwo bri kite kouri sou li pandan semèn lan Kòm moun ki te gen kowonaviris men se te manti, daprè sa pòt pawòl pou ti tan Fanmi Lavalas Jedson Durogène, te presize. Ansyen prèt Sen jan Bosco a, kite peyi a pou kapab al fè yon tyekòp jeneral pou gade kisa lakoz malèz li genyen an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …