AYITI/STA: BLONDEDY FERDINAND KITE AK D-PERFECT POU ANTONNY DREW ?

_Gen foto ki fè anpil bat bouch nan endistri mizik ayisyen an ak sou entenèt la. Chantè gwadloupeyen an, Antonny Drew poste yon foto sou kont Instagram li kote aparamman li kouche nan yon chanm epi tèt Blondedy Ferdinand, fiyanse D-perfect, sou pwatrin li._

« Je l’aime bien moi », ekri Antonny Drew, entèprèt « doudou an mwen » an bò kote foto li menm ak Blondedy a. Nan yon kòmantè chantèz « ou sou may »la fè apre pòs la li ekri » Non, cheri delete please ». Touswuit apre entènòt yo anpil nan chache konnen sa ki ap pase ant Antonny Drew ak Blondedy Ferdinand.

Gen moun ki panse se buzz atis yo ap kreye sitou Blondedy ki gen albòm li lap prepare. Li ka sa, pou anpil moun.

D-perfect, fiyanse Blondedy Ferdinand pa rete endiferan parapò ak sa ki pase a. » Lè w konnen ou pap kenbe pawòl ou pa fè pwomès », ekri atis la sou kont Instagram li.

Yon pòs ki lakoz anpil reyaksyon bò kote abòne li yo. Genyen ki kwè se ak Blondedy Ferdinand misye ap pale, genyen ki wè se plenyen li ap plenyen. Si se sa, èske sa ta vle di Blondedy Ferdinand kraze fiyansay li ak D-perfect pou Antonny Drew ? Nou ap rete suiv.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …