Touswuit apre akademi fransèz fin distenge 3 ekriven ayisyen nan palmarès 2021 li, Franketienne, Emmelie prophète ak Louis Philippe Dalembert, direksyon jeneral direksyon nasyonal liv bò kote pa l, konplimante ekriven sa yo.
« Direksyon jeneral direksyon nasyonal liv felisite ekriven ayisyen sa yo : Frankétienne, Emmelie prophète ak Louis- Philippe Dalembert ki distenge nan palmarès 2021 akademi fransèz ».
Frankétienne ranpòte gran pri frankofoni; Emmelie prophète ranpòte pri reyonman lang franse ak literati fransèz; Louis-Philippe Dalembert ranpòte pri François Coppée pou kantik balbityeman.
Daprè direksyon jeneral DNL, literati ayisyen an ap toujou rete debou.
Jackson junior Rinvil