LEMOND/ KATASTWÒF : SENK (5) MOUN MOURI BILAN PWOVIZWA EFONDREMAN IMÈB ETA FLORID LA .

Efondreman imèb ki te fèt nan eta Florid jedi pase a, gen senk (5) moun ki mouri ladanl ak 156 moun disparèt, daprè bilan pwovizwa otorite nan sekouris eta Florid yo bay maten dimanch lan.

 » Nou ap gade espwa nou. Nou ap kontinye chache moun ki rete anba dekonb yo, se sa ki priyorite tout ekip nou an, deklarasyon majistra  » comté de Miami Dade » la Daniella Levine Cava, ki presize ekip sovtaj li yo deja idantifye twa (3) lòt kadav, sa ki sinifi kantite disparèt yo desann ak san senkant sis ( 156), epi nonb moun ki mouri yo rive ak senk (5) mò.

Nou ap siyale, imèb Champlain Towers, te gen douz etaj li te efondre jedi venn kat (24) jen pase a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …