LEMONN/KOVID-19: OSTRALI, TAYLAND AK BLANGADÈCH ENPOZE YON PAKÈT RESTRIKSYON POU LITE KONT VARYAN DÈLTA A.

_Otorite sanitè yo enstore yon rekonfinman jeneral sidne, nan peyi Ostrali alòske nan vil Bangkòk ki nan peyi Tayland gen yon pakèt mezi restriksyon ki pral pran pandan yon mwa nan sousi pou fè fas ak nouvo varyan dèlta a._

Varyan dèlta a chak jou ki pase ap bay plis kè kase. Ostrali enpoze yon rekonfinman jeneral pou de (2) semèn nan vil Sidne jounen samdi 26 jen an kote ka kontaminasyon Kovid-19 ki gen pou wè ak mitasyon an pa sispann ogmante.

Pi kontajye pase lòt yo, varyan dèlta a gen yon jan li ap pwopaje nan monn lan ki lakoz anpil peyi ap pran yon pakèt mezi restriksyon pou limite li.

Idantifye pou premye fwa nan peyi End nan mwa avril ki sot pase a, varyan dèlta a gentan pou piti nan 85 peyi daprè OMS. Li lakoz wayom ini retounen ap fè fas ak epidemi an ankò.

Bò kote pa li, konfwonte ak yon ogmantasyon ka kontaminasyon varyan dèlta a ki bay anpil laperèz, peyi Blangadèch pral enpoze yon konfinman pi malouk apati jounen lendi a.

Tayland bò kote pa li dekrete yon pakèt mezi restriksyon pou vil Bangkòk ak banlye li yo kote restoran ak chantye fèmen, rapòte France info.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …