AYITI/EDIKASYON: MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL AK FÒMASYON PWOFESYONÈL (MENFP) METE DEYÒ KALANDRIYE ESKOLÈ 2021-2022 A.

_Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò nouvo kalandriye eskolè lane 2021- 2022 mèkredi ki sot pase a._

Lane eskolè 2020-2021 an pa lwen rive nan bout li. MENFP la, nan sans sa gentan mete yon nouvo kalandriye deyò kote yo fikse rantre lekòl la pou 6 septanm 2021 an ki ap vini an.

Pou lane eskolè 2020-2021 an, ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, nan lide pou batay kont Kovid-19 kap taye banda nan peyi a, te mande pou tout lekòl te fèmen nan kòmansman mwa jen an esepte elèv ki pral nan egzamen Leta yo ki gen dwa ale lekòl.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …