LEMOND/DRAM: YON AVYON MILITÈ FILIPIN TONBE AK 85 MOUN.

Yon avyon militè Filipin fè Krach maten dimanch kat (4) jiyè 2021 an, ak 85 moun ladann, kenz (15) moun sèlman rive sove daprè bilan pwovizwa sou dram lan, fòs chèf lame Filipin lan bay.

 » jiska prezan, kenz (15) moun sèlman sove nan avyon an, se te yon C-130, ki kraze a pandan li tap tante ateri sou zile « Jolo », ki nan pwovens « Sulu ».  » Sekouris yo ki deja sou plas, nou ap priye pou nou kapab sove lòt vi « , deklarasyon jeneral Cirilito Sobejana.

Nou ap siyale, sòlda sa yo ki tap rann yo nan Sid Filipin, pou te kapab al batay kont prezans gwoup teworis islamis Abou Savyaf, yo konsidere kòm yon òganizasyon teworis ki jwenn sipò peyi Etazini.

 

Dieuva Occidor

Kredi foto: Afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …