NIJERYA/KIDNAPIN:BANDI AK ZAM KIDNAPE PRESKE 140 ELÈV LISE NAN ETA KADUNA.

Endividi yo pa rive idantifye kidnape preske 140 elèv Lise nan Eta  Kaduna nan nòwès peyi Nijerya nan lannwit dimanch pou rive lendi 5 jiyè 2021 an daprè yon responsab pansyona Lise an .

Selon profesè Emmanuel Paul ,malfra yo atake « Pensionnat du lycée  Bethel secondary school  » ki te gen plis pase 165 liseyen ki tap dòmi ladann  nan lokalite Chikun kote yo rive kidnape preske 140 liseyen epi 25 te gentan chape.

« Pensionnat du lycée  Bethel secondary school  » te nan peryòd egzamen .Nan moman endividi mal entansyone yo antre nan lekòl la yo tire tout kote epi rasanble tout timoun yo .

Sekirite yo ki nan lekòl la pat rete endiferan pou fè echanj ak bandi yo plizyè nan yo soti blese malgre sa asasen yo kidnape pi fò elèv.

Angeline Michel

Kredi foto:yerimpost

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …