AYITI/ ELEKSYON : KEP A MANDE AK TOUT PATI, REGWOUPMAN POLITIK KI VLE PATISIPE NAN ELEKSYON POU ENSKRI.

Nan yon kominike konsèy elektoral pwovizwa (KEP) mete deyò lendi senk (5) jiyè 2021 an, anonse ak tout pati, Regwoupman politik yo ki vle patisipe nan eleksyon yo pou pase vin enskri ak konfimasyon patisipasyon yo nan pwochen eleksyon yo nan peyi a.

Daprè kominike konsèy elektoral pwovizwa, pati politik ak regwoupman yo ap bezwen pyès sa yo :

– papye ki kreye pati ou byen gwoupman politik la, règleman lwa ki di objektif pati a.

– papye ki bay rekonesans pati politik la, si se yon gwoupman politik papye rekonesans chak pati ki nan gwoupman an, ak lis pati politik ki nan gwoupman an.

– dokiman akò pou itilize yon sèl anblèm pou gwoupman politik la ak koulè, anblèm ki adopte pou idantifikasyon gwoupman politik la.

Boutofen, konsèy elektoral pwovizwa raple enskripsyon ak konfimasyon pati politik ki demare jounen madi sis (6) jiyè a ap bout 12 jiyè k ap vini la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …