AYITI/ ENSEKIRITE : YON POLISYE MOURI NAN TANTATIV EVAZYON PRIZON SIVIL MIBALÈ A.

Plizyè moun ki nan prizon sivil Mibalè ki nan depatman Sant a ki tap tante evade maten jedi uit (8) jiyè 2021 an, lakoz yon polisye inite depatmantal mete lòd (UDMO) mouri anba bal moun ki te fèmen nan prizon sa a.

Selon enfòmasyon yo, se plizyè detni byen bonè maten an ki te òganize yon mouvman ak tout yon tantativ evazyon nan prizon sivil la, sa ki te rann polisye ajan penitansye nasyonal ( APNA) ki t ap sekirize prizon an pèdi kontwòl espas la.

Premye bilan yo fè konnen, gen yon ajan UDMO ki mouri anba bal ak plizyè detni blese pandan tantativ evazyon nan prizon sivil Mibalè a.

Nou ap siyale, pou kounye a tout bagay kòmanse ap reprann yo gras ak ranfò lòt inite nan lapolis la pou te pran kontwòl sitiyasyon an nan vil Mibalè.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …