LEMOND /KATASTWÒF:POU PI PITI SENKANT (50) MOUN MOURI NAN PEYI BENNGLADÈCH.

Nan yon gwo dife ki eklate jounen vandredi nèf(9) jiyè 2021 an, nan yon izin nouriti ak bwason nan Daka, ki twouve li nan kapital Benngladèch, lakoz senkant de (52) moun mouri.

Selon Bilan pwovizwa yo, senkant de (52) moun mouri ak yon trantèn lòt sòti blese nan izin sa ki te gen sis (6) etaj tout moun sa yo sete anplwaye izin lan. pou pi piti trant (30) moun blese, yon santèn lòt te kouri lage kò yo anba akoz jan dife a tap pwopaje byen rapid, se deklarasyon enspektè polis Sheikh Kabirul Islam.

Sèvis lit kont dife rive sove ven senk (25) lòt moun kite nan izin lan, toujou daprè pòt pawòl sèvis sekou Debashih Bradahan.

Pou fini, chèf sèvis sekouris Daka, Dinu Moni Sharma, ki fè konnen dife a te pwopaje plis rapid akoz prezans pwodwi chimik kite twouve yo anndan izin lan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …