AYITI/ASASINA: PLIZYÈ AJAN (FBI) AK (DHS) GEN POU VINI MENNEN ANKÈT SOU LANMÒ JOVENEL MOÏSE.

Ajan biwo fédéral envestigasyon (FBI) ak depatman sekirite enteryè (DHS) ap rantre nan peyi a pou vin travay ak otorite nan peyi Ayiti yo, pou mennen ankèt sou asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren senk (5) nan aswè sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

Nan kad yon konferans pou laprès pòt pawòl mezon blanch lan Jen Psaki, anonse vandredi nèf (9) jiyè 2021 an, ajan (FBI) ak (DHS) ap rantre nan peyi a pou vin pote sipò yo bay otorite yo nan peyi a kap vin mennen ankèt sou lanmò chèf Leta Jovenel Moïse.

 » depi yo rive nan peyi a, ajan FBI ak DHS yo ap gen pou fè entèvansyon yo lè sa posib » e yap gen pou misyon evalye sitiyasyon an epi gade koman yo ka ede otorite yo » se sa Jen Psaki deklare.

Jen Psaki, fè konnen mezon blanch anvizaje pou voye yon valè senk (5) milyon dola pou ede polis nan lit kont zak vyolans yo.

Kredi foto:facebook

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …