AYITI/ LANMÒ : YON MANM POUVWA EGZEKITIF LA NAN GRANDANS FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO.

Reprezantan pouvwa egzekitif la nan depatman Grandans ansyen delege Jean Claude Bontemps, mouri aprè lanmò ansyen chèf Leta Jovenel Moïse.

Daprè enfòmasyon yo, ansyen delege Jean Claude Bontemps, te tonbe nan koma depi aprè li te fin aprann nouvèl asasinay kite fèt sou ansyen prezidan repiblik la aswè sis(6) pou louvri mèkredi sèt (7) jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren senk (5) nan komin Petyonvil.

Nou ap siyale, ansyen delege depatmantal Grandans lan Jean Claude Bontemps, mouri samdi dis (10) jiyè 2021 an nan lopital Sentantwàn nan vil Jeremi.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …