AYITI/ ASASINA:  » PRIYORITE GOUVÈNMAN SE LIMYÈ SOU LANMÒ CHÈF LETA », DAPRÈ DEKLARASYON PREMYE MINIS CLAUDE JOSEPH.

Nan kad yon pwen pou laprès gouvènman ayisyen bay dimanch onz (11) jiyè 2021 an, sou evolisyon ankèt sou zak asasinay prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Chèf konsèy sekirite polis nasyonal la, (CSPN) Claude Joseph deklare priyorite gouvènman ayisyen an se fè limyè sou lanmò prezidan repiblik la Jovenel Moïse, chèf gouvènman an ki remèsye popilasyon an ki te tande gouvènman nan kad mesaj pou patal kraze brize nan peyi a. Pilwen, konsènan eta sante madanm prezidan Martine Moïse, pa twò grav pase sa paske li te sòti nan sal operasyon.

Nou ap siyale, nan menm pwen pou laprès sa direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, fè konnen gen venteyen (21) moun ki arete nan ankèt sou lanmò ansyen chèf Leta pami yo sèz (16) kolonbyen, de (2) ameriken orijin ayisyèn ak yon ayisyen.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …