AYITI/ASASINA: DE (2) JOUNEN AKTIVITE AP REYALIZE NAN OKAZYON FINERAY ANSYEN PREZIDAN REPIBLIK LA JOVENEL MOÏSE NAN DEPATMAN NIP.

Yon jounen rankont òganize jounen lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, nan komin Miragwàn ant patizan ak senpatizan repiblik la Jovenel Moïse, nan objektif pou òganize divès aktivite nan memwa defen an.

Reprezantan pouvwa egzekitif nan depatman Nip lan Morel Esperance Berard, fè konnen rankont sa fèt nan lide pou make de (2) jounen aktivite nan memwa ansyen chèf Leta ki se mèkredi venteyen (21) jiyè 2021 an, yon jounen omaj kap fèt nan kafou Deriso ak yon mès rekyèm kap chante vandrdi ven twa (23) jiyè 2021 an, nan katedral Sen Janbatis. Delege Morel Esperance Berard,  mande ak tout sektè pou vin rann yon dènye omaj ak ansyen chèf Leta yo te asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) komin Petyon vil.

Sou bò pa li, ansyen depite senkantyèm (50 èm) lejislati komin Miragwàn , Yvon Geste, ki te prezan nan rankont sa kondane ak tout fòs li zak asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse epi mande ak lajistis pou fè limyè sou zak asasinay lach sa.

 

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …