« LAVI M AN DANJE. VINI VIT SOVE M », PAWÒL PREZIDAN JOVENEL MOÏSE NAN TELEFÒN AVAN YO ASASINEN LI

Nan yon atik jounal ameriken an, Miami Herald soti dimanch 18 jiyè 2021, yo revele ki dènye pawòl prezidan Jovenel Moïse te di nan telefòn lè yo te vin atake kay li a.-

« Lavi m an danje. Vin vit vin sove m », pawòl Jovenel Moïse lanse dezespereman nan yon apèl.

Daprè atik Miami Herald la, plizyè polisye ki te sou pòs nan jou a temwanye. Lè prezidan Jovenel Moïse lanse apèl la, daprè temwanyaj polisye yo li te 1è 34. Alòske daprè moun ki abite nan zòn kòmando yo kòmanse tire depi a 1è 30.

« Men yap tire sou kay la. Voye ranfò. » Pawòl Jovenel Moïse nan telefòn ak DG PNH la, Léon Charles.

Daprè sa yon polisye rapòte Miami Herald, asasen yo rantre anndan kay la, e yo ale toudwat nan chanm prezidan an. Yo tap pale ak yon moun nan telefòn ki t ap ede yo idantifye prezidan an.

Toujou daprè Miami Herald, lè yo fin idantifye pwofil prezidan atravè yon lòt moun ki sou liy la avè yo nan telefòn, yo annik parèt anfas prezidan Jovenel Moïse yo tire sou li san yo pa di yon mo. Endivi yo pran 10 minit pou asasinen Jovenel Moïse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …