AYITI /POLITIK : NOUVO PREMYE MINIS AYISYEN AN VOYE YON MESAJ KLÈ KOU KLÈWOZ POU MOUN KI TOUYE PREZIDAN JOVENEL MOÏSE

Ayiti leve ak yon nouvo kabinè ministeryèl  Mèkredi 21 jiyè 2021 an ki gen nan tèt li kòm premye minis doktè Ariel Henry.

Nan diskou de sikonstans nouvo premye minis lan fè madi 20 jiyè 2021 douvan laprès ak gouvèneman ki soti a epi douvan anpil gran pèsonalite nan peyi pami yo ansyen premye minis Evens Paul alyas Kp. Nouvo lokatè primati a mete aksan sou fenomèn ensekirite a kap taye banda nan peyi a.

Toujou nan diskou de sikonstans premye minis lan, li di li pral pran kèk mezi prese prese ansanm ak lòt otorite yo pou yo etabli lòd ak sekirite nan peyi, li kontinye pou li di lap kontinye ak travay ansyen chèf leta Jovenel Moïse tap fè a.

Yon lòt kote, Chèf gouvèneman voye Yon mesaj klè kou klèwòz pou moun ki touye prezidan Jovenel Moïse la, li di yo ranje kò yo lap rive sou paske fòk prezidan an jwenn jistis li sèmante lap bay prezidan an jistis li kanmèn.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …