AYITI/DIFE: TANTATIV POU METE DIFE NAN LOKAL ÒGANIS KI AP DEFANN DWA MOUN NAN, KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS.

_Kolektif defansè plis, nan yon kominike pou laprès li mete deyò jounen jedi 22 jiyè 2021 an, li fè konnen gen yon gwoup endividi yo pa rive idantifye ki fè tantativ pou mete dife nan syèj enstitisyon an nan lannwit madi 20 pou bout mèkredi 21 jiyè 2021 1an._

« Nan lannuit madi 20 pou bout mèkredi 21 jiyè, gen yon pakèt endividi moun pa rive idantifye ki fè tantativ pou mete dife nan syèj Kolektif Defansè Plis », ekri nan kominike pou laprès la.

Òganis ki ap defann dwa moun nan, pi lwen, fè konnen endividi yo te gentan mete dife nan rantre prensipal batiman an. » De (2 )baryè andomaje. Ajan sekirite yo ki te sou plas gentan limite dega yo. Kolektif Defansè Plis souliye sa fè de (2) atak ki fèt kont enstitisyon an nan espas nèf (9) mwa », déplore òganis ki ap defann dwa moun nan, Kolektif Defansè Plis.

« Ajisman sa yo entolerab. Kolektif Defansè plis kondane avèk fèmte pratik sa yo pandan li ap mande otorite Lapolis ak Lajistis pou pran responsabilite yo nan sousi pou chache epi pini koupab yo », daprè sa ki ekri nan kominike pou laprès la.

Pou fini, Kolektif Defansè plis pwofite okazyon an pou mande otorite etatik yo pou yo fè tout mwayen posib pou garanti sekirite popilasyon an sou teritwa nasyonal la jan konstitisyon an 1987 la mande sa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …