ASASINAY JOVENEL MOÏSE: * »N AP KONTINYE TRAVAY POU MENNEN DEVAN LAJISTIS KOUPAB YO », EKRI CLAUDE JOSEPH*

Daprè yon mesaj minis zafè etranje a, Claude Joseph mete sou kont facebook li vandredi 23 jiyè 2021 an ,li fè konnen sikonstans Jovenel Moïse mouri a lage yon onb sonm sou peyi a. E nan sans sa, lap kontinye travay pou trennen koupab yo devan lajistis.

Minis zafè etranje a, Claude Joseph reyaji jou fineray Jovenel Moïse la. » Nou ap kontinye travay pou mennen devan lajistis koupab yo », ekri Claude Joseph.

Ansyen chèf primati a, pi lwen, fè konnen Ayiti pa sèlman pèdi yon prezidan, men se yon fanmi ki pèdi mari li ak papa li.

Vandredi 23 jiyè 2021 an se fineray ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te tonbe anba men nèg ak zam nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 lakay li nan pèleren 5.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …