LEMOND/ POLITIK: NOUVO PREMYE MINIS PEYI LIBAN PWOMÈT YON GOUVÈNMAN NAN PATWÒ LONTAN.

Nouvo premye minis libanè dezinye, Najib Mikati, aprè rankont li avèk prezidan libanè Michel Aoun, nan vil » Beyrouth », nan peyi Liban, lendi 26 jiyè 2021 an. Aprè rankont sa, deklare li pral fòme yon nouvo gouvènman pa twò lontan.

Nouvo premye minis lan, ki fè konnen depi madi 27 jiyè 2021 an, li deja koumanse negosye ak divès blòk palmantè yo pou kapab rive moute nouvo gouvènman sa , yon nouvo gouvènman Etazini ap rete tann pou etire peyi Liban nan kriz li plonje depi byen lontan.

 » fòme rapid yon nouvo gouvènman ki pral angaje epi mete sou pye pou kapab diminye nan pwoblèm peyi nou ap rankontre », selon sa pòt pawòl depatman Leta Liban Jalina Porter. Pandan li presize, nouvo premye minis deziye a pwomèt pou mete sou pye yon gouvènman konsansis sou pye.

N ap siyale, refòm ak mete nouvo gouvènman peyi Liban sou pye fèt sou gwo presyon kominote entènasyonal la, sitou Etazini ki vle kout ke kout pou gen eleksyon nan koumansman lane 2022.

Dieuva Occidor

Kredi foto:france 24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …