Nan peyi Somali, kat (4) jwè foutbòl mouri ak senk (5) lòt blese akoz yon bonm ki eksploze nan bis yo te ye a daprè enfòmasyon Lapolis bay AFP._
Nan yon moman ekip la ta prale nan yon estad nan vil Kismayo, gen 4 jwè ki rann dènye souf yo ak 5 lòt ki blese swit ak yon bonm ki eksploze nan bis yo te ye a.
Daprè Lapolis, 4 jwè mouri ak 5 lòt blese te twouve yo nan bis la. » gen yon ankèt ki tanmen men nou panse bonm nan te depoze anndan bis la », deklare Lapolis peyi Somali .
Kredi foto:Afp