KOVID-19 : YON ETID AMERIKEN KONKLI VARYA DÈLTA PWOPAJE PI RAPID PASE VIRIS EBOLA*

Yon etid ki reyalize nan peyi Etazini atire atansyon gran piblik la sou fason moun ka trape varyan Dèlta a epi pwopaje li.

Daprè konklizyon syantifik yo, varyan Dèlta a pi kontajye pase varisèl men tou li pwopaje pi rapid pase rim, viris ebola  ak grip.

Nan yon nòt entèn sant pou kontwòl ak prevansyon maladi an,ameriken yo ki reprann yon etid kap soti nan pa twò lontan, otorite prensipal nan koze sanitè nan peyi Etazini gen gwo laperèz parapò ak fason moun trape varyan Dèlta a, men tou a chaj viral enpòtan kay pasyen ki trape li yo kit sa ki te pran vaksen; kit sa ki pa te pran.

« M kwè yon moun ki vaksine ki panse li pa ka bay viris la lè li ale rann vizit ak yon pwòch li osnon ak yon moun ki kòmanse antre nan laj, m kwè li dwe konnen li ka bay viris la.

Nan sans sa, li dwe pwoteje tèt li epi pwoteje lòt moun », deklare Rochelle Walinsky, direktris sant pou kontwòl ak prevansyon maladi ameriken yo.

Yon lòt kote, daprè etid la, vaksen an efikas a 90% kont fòm sevè Kovid-19 la. Sepandan, nan lide pou fè fas ak varyan Dèlta a, gen plizyè jès varyè otorite yo ap etidye pou yo ta tounen ak yo, rapòte France 24.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …