AYITI/POLITIK : OPERASYON CHAVIRE CHODYÈ POU YON NOUVÈL AYITI (OCCNA) APIYE CHWA JOSEPH LAMBERT KÒM 59èm PREZIDAN PEYIA.

Nan yon konferans pou laprès mouvman politik operasyon Chavire Chodyè pou yon Nouvèl Ayiti fè madi 3 dawou 2021 an, yo denonse premye minis Ariel Henry ki pa respekte pawòl li.

Sekretè jeneral OCCNA Eddy Privert deklare te gen yon rakont ki te fèt nan yon otèl nan kapital la avèk Premye minis Ariel Henry ak anpil lòt pèsonalite politik tankou Edmonde Suplice Beauzile, Érick Jn Baptiste, Rony Timothé, René civil pou nou site sa yo sèlman, nimewo 1 OCCNA kontinye pou di premye minis Ariel Henry te dakò pou Joseph Lambert te prezidan li menm pou li Premye minis se gade yo gade yo wè Ariel fè Yon lòt wout.

Mesye Eddy tou pwofite pou li voye yon mesaj klè bay kominote entènasyonal la pou li pa foure bouch yo nan zafè politik entèn peyi paske nou endepandan nou pa sou titèl yo.

Lòm politik la tou pwofite di ak prezidan tirès Sena Joseph Lambert alyas papa tounen pou li ale pran prese prese echap la ki nan mize nasyonal la pou li ale prete sèman kòm prezidan peyi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …