ESPÒ/MÈKATO: JWÈ ENTÈNASYONAL AJANTIN AN LIONEL MESSI KITE FC BARCELONE

Gen yon nouvèl ki choke laprès espòtiv entènasyonal jounen jedi 5 dawout 2021 an.  nouvèl Messi kap kite ekip Barcelone nan aprè 20 lane li pase ap jwe ladann. Fen yon epòk.

Nan yon kominike ki mete deyò jounen jedi 5 dawout la, klèb Katalan an fè konnen 2 pati te jwenn akò, men kontra tounèf la pa te ka ofisyalize parapò ak obstak ekonomik epi estriktirèl ki te prezante, daprè reglèman Liga yo.

Barca regrèt li pa posib pou li reponn ak swe jwè e klèb la. » Barca remèsye jwè a pou tout sa li pote nan enstitisyon an epi swete li tout bon bagay yo nan vi pèsonèl li ak pwofesyonèl li », selon  kominike a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …