AYITI/ENSEKIRITE: PLIS PASE DE (2) MWA DEPI KOMIN SITE SOLÈY AP FONKSYONE SAN PREZANS LAPOLIS.

Plis pase de (2) mwa kote bandi san fwa ni lwa te rantre nan plizyè pòs polis nan komin site solèy nan lannuit samdi 5 pou rive dimanch 6 jen 2021 an, yon evènman ki lakoz popilasyon an lage pou kont yo san prezans yon polisye, se bandi kap fè lalwa nan tout komin lan.

Evènman sa trennen dèyè li lanmò plis pase yon santèn moun san konte plizyè polisye ak timoun.

Yon lòt kote, popilasyon soleyèn nan fè konnen se enjerans mouche leta ki lakoz ensekite a rive nan nivo li rive a, kote lapolis parèt enpwisan douvan bandi yo paske polisye manke minisyon selon kèk abitan nan site solèy ki tap esplike sal jounal Echojounal la.

Selon abitan kap viv nan pi gwo bidon vil peyi a, se tout komin lan nèt chak swa gwo kout bal pa sispann chante tankou wosiyòl, sitwayen yo mande prese prese pou leta pran kontwòl tout komisarya ki nan komin lan.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …