MERI DÈLMA REMÈT KLE NOUVO PWEN KONTWÒL KAFOU JERAL BATAY LA BAY LAPOLIS NAN DÈLMA 33.

Nan yon konferans pou laprès ki òganize vandredi 6 dawout 2021 an, meri Dèlma remèt kle nouvo pwen kafou jeral batay la bay polisye nan Dèlma 33.

« Chwa sa pou nou te ka retire polisye yo nan konntenè a. Pou nou te fè yon bagay ki pi resan pou yo avèk twalèt, enèji, dlo ak gadavi. Se yon plezi pou nou remèt kle sa bay komisè a. Mwen swete pou yo kenbe li pwòp », deklare majistra Dèlma a, Wilson Jeudi nan kad konferans pou laprès la ki tap jistifye chwa meri a.

Premye sitwayen nan komin Dèlma a fè konnen kafou a te toujou gen anbouteyaj e menm lè gen polisye li toujou konsa.  » Mwen panse polisye yo ka anndan kay la epi yo ap kontwole teren an », deklare majistra a.

Yon lòt kote, majistra Wilson Jeudi sanble pa twò entèrese ak lide pou li ta sèvi peyi a nan pi wo nivo toujou. » Peyi sa chak fwa wap fè jefò ladann ou vin tounen yon sib. Moun nan li gen pitit li ak madanm li anndan peyi a, men li pa vle pwòpte ak lòd kote li ap viv la », deklare Wilson Jeudi.

Salomon Jean Faustin, bò kote pa li ki se Komisè ki resevwa kle a, remèsye konsèy minisipal Dèlma pou bèl inisyativ sa yo pran an. » Nou ap kontinye bay asistans nou ak popilasyon an paske se pou sa nou la », pawòl komisè a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …