AYITI/REYAKSYON: YOUN NAN PITIT ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE YO FRAPE PYE LI ATÈ FÒ E FÈ YON DEKLARASYON SOU LANMÒ PAPA LI.

_Yon mwa gentan pase depi ansyen prezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan pèleren 5. Daprè Joverlain Moïse, pitit gason prezidan an, nan yon mesaj li poste sou paj fesbouk li nan dat 7 dawout 2021 an, li fè konnen yon mwa apre  poko gen anyen ki fèt e sa yo di yo a pa laverite._

« Sa yo di nou yo pa laverite. Men nou ap tann, nou ap tann yo repanse, rekalkile, nou ap tann laverite », ekri pitit gason defen prezidan Moïse.

« Sinon, nou pral chache laverite epi nou ap jwenn laverite », fè konnen Joverlain Moïse.

Pitit gason ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan fen mesaj la pa kache lanmou li pou papa li ki pa la ankò. » Mwen pap janm sispann renmen w », ekri Joverlain Moïse.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …