AYITI/ ASASINA : DIVÈS ÒGANIZASYON DWA MOUN DI YO PA GEN KONFYANS NAN JIJ KAP ENSTWI DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE

Divès òganizasyon dwa moun tankou Rezo nasyonal kap defann dwa moun (RNDDH), Fondasyon Je Klere (FJKL) ak òganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti (OCNH), di yo pagen twòp konfyans nan jij enstriktè Mathieu Chanlatte, ki dezinye pou enstwi dosye asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Responsab asaistant dwa moun nan Rezo nasyonal k’ap defann dwa moun (RNDDH), Marie Rosie Auguste Dussenard, ki fè konnen li pagen twòp konfyans nan jij enstriktè Mathieu Chanlatte k ap enstwi dosye asasina ansyen chèf Leta Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren senk (5) nan komin Petyonvil. Madanm Rosie Auguste Dussenard, ki raple valè dosye ak eskandal jij enstriktè Mathieu Chanlatte enplike sitou dosye dèmalòg la.

Prezidan administrasyon fondasyon Je klere a (FJKL), mèt Samuel Madistin, ki kwè se yon move chwa dwayen tribinal sivil premye enstans Pòtoprens lan pou te dezinye jij enstriktè Mathieu Chanlatte, mèt Samuel Madistin, ki raple jij Chanlatte gen anpil akizasyon kòm moun ki pwòch rejim PHTK pou fason li te trete dosye kite mete fas pou fas Leta ayisyen ak konpayi « Sogener » la.

Kòdonatè òganizasyon sitwayen pou yon nouvèl Ayiti a( OCNH), mèt Camille Occius, ki pa dakò ak chwa jij enstriktè Mathieu Chanlatte pou enstwi dosye asasinay Jovenel Moïse la. Defansè dwa moun lan, ki raple se aprè anpil pledwaye ki fèt nan mitan òganizasyon dwa moun yo pou te fòse jij Mathieu Chanlatte te oblje depòtel sou dosye dèmalòg la.

N ap siyale, dwayen tribinal sivil premye enstans Pòtoprens lan, mèt Bernard Saint -vil, dezinye lendi nèf (9) dawout 2021 jij enstriktè Mathieu Chanlatte pou enstwi dosye asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …