LEMOND/DIFE : PLIS PASE 65 MOUN MOURI KANGRENNEN PAMI YO 28 MILITÈ

Plis pase 65 moun mouri kangrennen pami yo 28 militè nan yon dife k ap ravaje nò peyi Aljeri, notamman Kabili, depi lendi 9 dawout 2021_ .

Daprè otorite yo nan peyi Aljeri, plis pase 65 kretyen vivan mouri kangrennen nan yon dife k ap ravaje nò peyi Aljeri. Sou twitè madi nan aswè, prezidan peyi Aljeri a Abdelmadjib Tebdoune deplore lamò 25 sòlda militè ki t ap eseye etenn dife yo.  » Se avèk anpil lapèn m aprann lanmò an mati 25 sòlda ki te fin sove plis pase yon sentèn sivil nan mòn Bejayiya ak Tizi ouzou », ekri chèf Leta Aljeryen an.

Bilan moun ki mouri yo vin pi plis jounen mèkredi a, daprè sa otorite yo fè konnen menm si yo poko kapab bay yon bilan definitif vrèman.

Ministè enteryè a bò kote pa l kalifye « kriminèl » orijin dife a. » Senkant (50) kote dife pran an menm tan, sa enposib. Dife yo gen yon orijin kriminèl », deklare minis enteryè a, Kamel Beldjoud, daprè sa RFI rapòte.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:france 24

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …