AYITI/ASASINA : JIJ MATHIEU CHANLATTE DEPÒTEL SOU DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE LA.

Jij enstriktè Mathieu Chanlatte, dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, mèt Bernard Saint-Vil e dezinye pou mennen sou asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse lakay li nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an, depòtel sou dosye a.

Nan yon kòrespondans majistra enstriktè a voye bay dwayen tribinal premye enstans lan, mèt Bernard Saint-Vil kote li anonse ak dwayen li deside depòte sou dosye a pou konvnans pèsonèl.

N ap raple, jij enstriktè Mathieu Chanlatte, depòtel sou dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse aprè pou pi piti yon semèn li pase ak dosye a nan menl.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …