AYITI/TRANBLEMAN DE TE : ANSYEN SENATÈ JEAN GABRIEL FORTUNÉ MOURI NAN TRANBLEMAN TE A.

Ansyen senatè Jean Gabriel Fortuné mouri. Ansyen senatè a te anba dekonm apre tranbleman de tè a fin pase. Nouvèl lanmò Jean Gabriel Fortuné konfime samdi 14 dawout 2021 an nan emisyon ranmase sou radyo Caraïbes.

Ansyen senatè a te nan otèl « Le Manguier » nan moman tè a tap tranble a. Se yon moun ki te ak ansyen majistra Jean Gabriel Fortuné ki konfime li pèdi lavi li.

Jean Gabriel Fortuné te direktè jeneral enpo nan vil Okay. Answuit, li te vin depite, majistra ak senatè epi li te delege depatmantal sid sou administrasyon Martelly a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …