Nan yon twit ansyen minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la( MENFP), Nesmy MANIGAT fè samdi 14 dawout 2021, li mande pou « fwontyè » Matisan an ouvè pou kapab pote gran sid la sekou nan moman sa.
« Apre 12 janvye, mwen sonje Sendomeng te ouvè fwontyè li 24è sou 24 pandan mwa pou fasilite sekou ak evalye blese », ekri ansyen responsab MENFP lan an siy rapèl.
« Li ta bon pou fwontyè Matisan an ouvè tou pou pote gran Sid la sekou nan moman sa « , swete Nesmy MANIGAT nan sousi pou lonje lamen bay moun ki an difikilte nan gran Sid la tranbleman tè a frape yo.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:jeudideslouis