AYITI/EKONOMI: PRI PLAN DIGICEL YO VIN PI CHÈ CHAK JOU PI PLIS

Pri plan Digicel yo pa sispann moute bwa dènye semèn sa yo. San okenn esplikasyon, san avètisman se rete kliyantè l Digicel yo rete yo wè, prèske chak jou plan Digicel yo ap moute bwa.

Alòske peyi Dayiti ap fè fas ak yon kriz ekonomik ki pa piti depi anviwon 10 lane, kote majorite popilasyon an se dlo yo ap bat pou fè bè. Kategori moun sa yo, ki se moun ki pi mal yo se gwo sakrifis yo fè pou yo pesede yon telefòn epi mete kat sou li.

Pran nouvèl pwòch yo, sitou nan yon peyi tankou Ayiti kote ensekirite a toujou simen dèy nan mitan popilasyon an, se sa ki toujou motive chwa mete kat la. E yo fè sa regliyèman se paske pri plan yo te favorab ak mwayen ekonomik yo.

Depi plis pase 2 semèn, se pa menm reyalite a. Pri plan Digicel vin pi chè. Yo anpil, malere ak malerèz pa ka mete minit sou telefòn yo. Yon plan ki te 9G nan yon bat je li pase ak 18G; yon lòt plan ki te 75G li pase ak 100G. Okenn otorite pa ka di Digicel anyen. Popilasyon an pa konn ki sen pou li rele e dotan plis, gen yon tranbleman tè ki fèk sot sekwe peyi Dayiti.

Pri plan yo moute, tranbleman tè frape gran sid la donk imajine sila ki bezwen pran nouvèl pwòch yo e ki pa gen mwayen pou mete minit sou telefòn yo paske pri plan Digicel yo pa sispann moute bwa ?

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …