AYITI/IJAN/ TRANBLANNTÈ: POU PI PITI 218 PRIZONYE DEPLASE NAN PRIZON SIVIL ANSAVO.

Pou pi piti 218 prizonye deplase nan prizon sivil Ansavo a jounen samdi 14 dawout 2021 an, aprè pasaj tranblanntè manitid 7,2 ki frape plizyè depatman tankou Nip, Sid ak Grandans.

Delege depatman Nip lan, Morel Esperance Berard, fè konnen yo deplase prizonye sa yo akoz yo pat an sekirite nan prizon sivil Ansavo akoz tranblanntè a ki kraze plizyè selil andan prizon an. Pilwen, delege Morel Esperance Berard, ki denonse move sitiyasyon prizonye yo ki parèt konplike nan prizon an, akoz plizyè prizonye ki malad.

Pou fini, Morel Esperance Berard, ki rele o sekou pou pote sipò ak depatman Nip ki viktim anba tranblanntè a ki gen pou pi piti 30 moun ki mouri ak plizyè santèn lòt blese.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …