AYITI/TANPÈT: DAPRÈ METEYO, SIKLÒN GRAS KA LAKOZ DEBOULONNAY TÈ, GLISMAN TEREN AK INONDASYON NAN SIS (6) DEPATMAN NAN PEYI A.

Twa (3) jou apre yon tranbleman tè ravaje Grand Sid peyi a, Ayiti gentan sou menas siklòn gras. Daprè previzyon meteyo, siklòn gras a 140 kilomèt sidès Pòtoprens epi a anviwon 235 kilomèt alès vil Okay. Li tap mache ak yon vitès 24 kilomèt alè.

Selon yon mesaj ki poste sou paj ofisyèl fesbouk minis kilti ak kominikasyon, siklòn gras ka lakoz glisman teren, deboulonnay tè ak inondasyon sitou nan depatman Sant, Latibonit, Lwès, Grandans, Sid ak Nip.

Parapò ak plizyè milye sanzabri pasaj tranbleman tè a lakoz la, gen anpil moun kap domi nan lari e ki pa gen menm yon moso prela. Daprè meteyo, siklòn gras pa lwen rive sou peyi a e Gran Sid la ka touche ankò se sa ki lakoz anpil moun ki nan zòn sa yo te swete Leta ayisyen fè yon kout pye rive wè yo; pote yo sekou.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …