AYITI:KOLEKTIF « DEFENSEUR PLUS « PREZANTE RAPÒ SOU SITIYASYON DWA MOUN KAP VIV AN AYITI SOTI MWA JANVYE POU RIVE JIYÈ 2021 AN.

Òganizasyon kap defann dwa moun drese Yon tablo sonb kote li fè konnen soti janvye pou rive jiyè 2021 an  zak ensekite yo  ogmante gen anviwon 1000 kretyen vivan ki pèdi lavi yo epi anviwon 300 lòt moun kidnape.

Sitiyasyon ensekirite sa lakoz plis pase 400 timoun kap viv nan katye belè, lasalin, delma 2 ak dèlma 6 te oblije kite katye sa yo pou ale viv kay Yon zanmi oubyen fanmi akoz zak vyolans yo te ogmante chak jou pi plis.

Òganizasyon dwa moun lan konstate nan yon rapò pibliye vandredi 13 dawout 2021 an konstate dwa pou moun sikile, dwa pou moun viv anpè pa respekte nan peyi a, se menm konsta a pou dwa sosyal, dwa pou moun jwen bon jan edikasyon youn pa respekte.

Nan yon konferans pou laprès responsab dwa moun Antonal Mortumé fè, li mande leta pou respekte moun kap viv nan peyi Dayiti. pilwen defansè dwa moun lan mete aksan sou moun ki andikape yo kote dwa yo se anba pye yo pase yo.

Yon lòt kote, responsab defansè plis la pou leta pote yon atansyon soutni pou moun ki andikape yo, kote bandi ak gwo zam te rantre nan yon kan ki gen moun andikape nan aviyasyon epi li fè konnen gen anviwon 800 Moun andikape kap viv nan peyi a.

Antonal Mortumé deklare leta se yon eleman kle nan vyole dwa moun nan peyi a akoz leta pa pwoteje anviwonman peyi a.

Mèt Mortumé  fè konnen fenomèn ensekirite a pwovoke plizyè milye moun kite peyi pou ale nan peyi amerik santral yo, li tou pwofite pou li mande mouche leta pou fè respekte dwa migran sa yo atravè anbasad li gen nan peyi sa yo.

Defansè dwa moun lan di mesye Ariel Henry pa gen pwovizyon legal pou li nonmen yon prezidan CSPJ, li avanse pou li di 3 pouvwa leta yo pap fonksyone  CSPJ kadik akoz prezidan enstitisyon an te mouri nan kovid-19.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …