AFGHANISTAN : YON AVYON KI KA PRAN 100 MOUN ANVIWON VWAYAJE AK 640 MOUN, AFGHAN

Yon foto kap sikile sou tout rezo sosyal yo, moutre yon avyon militè ameriken ki gen plis pase 600 afghan ladann kap kouri kite peyi peyi Afghanistan depi apre Taliban yo fin genyen lagè a.

Foto a vin viral sou tout rezo sosyal yo kote tout moun wè plis pase 600 afghan fanm kou gason; timoun kou granmoun ki chita nan yon avyon militè ameriken nan sousi pou yo chape poul yo pou yo pa viktim nan peyi Afghanistan.

Daprè lame ameriken, te gen 640 moun nan avyon an. Se otorite ameriken yo ki te bay ekipaj la otorizasyon pou li dekole.

Plizyè moun ki te grenpe arebò avyon an tèlman yo te vle kite Afghanistan, men manm ekipaj pa tal nan fòse fè yo desann sa ki lakoz nan moman avyon an fin dekole epi ap pran vòl moun sa yo tonbe epi yo mouri.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:FB

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …