AYITI/ TRANBLEMAN TÈ :  » TOUT ÈD IMANITÈ YO DWE SOU KONTWÒL PWOTEKSYON SIVIL », DAPRÈ PREMYE MINIS ARIEL HENRY

Premye minis ayisyen an Ariel Henry, bay garanti tout èd yo pral jwenn moun ki viktim yo pou evite sak te fèt nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la, kote èd yo pa rive jwenn vrè viktim yo.

Chèf primati a, Ariel Henry, anonse pral gen yon fowòm kap mete kanpe jounen madi a ki ap gen dyaspora, sektè prive, sektè ekonomik lan ,pati politik ak sosyete sivil epi li anonse 3 jounen dèy kap kòmanse jounen madi a pou moun viktim anba tranbleman tè. Pilwen, chèf gouvènman mande inite, solidarite pou kapab ede rekonstriksyon peyi Ayiti.

Nap fè remake, plizyè òganizasyon imanitè deja anonse plizyè èd pou pote nan Gransid peyi a pou vole sekou viktim yo, daprè otorite bilan pwovizwa a rive jiska 1419 moun ki mouri ak 6900 moun blese.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …