AYITI/SINEMA: FREDA, FIM GESSICA GÉNÉUS AP AN PROJEKSYON POU SIPÒTE VIKTIM TRANBLEMAN TÈ 14 DAWOUT 2021 YO.

Freda, fim fiksyon Gessica Généus ap an projeksyon samdi 21 dawout 2021 an nan jaden otèl Karibe. Mwatye nan resèt yo, sa vle di 50% pral jwenn viktim tranbleman tè a nan yon « fon soutyen pou Gran Sid fokal kreye ».

Yon tranbleman tè manyitid 7.2 frape Ayiti samdi 14 dawout 2021. Anpil dega materyèl e moun mouri, anrejistre nan peyi a, notamman nan Gran Sid apre pasaj katastwòf natirèl sa.

Parapò ak tout dega sa yo, nan sousi pou bay bourad ak moun ki nan difikilte apre tranbleman tè a, fim Freda Gessica Généus reyalize ap « an pwojeksyon inik an Ayiti » nan otèl Karibe samdi 21 dawout 2021 an a 6è nan aswè. Se fondasyon »Barbancourt » ak « Barbancourt » k ap prezante afich sa.

« Se yon moman ki mande anpil kouraj, lanmou ak solidarite. Tout fanmi fim Freda a tankou « Rhum Barbancourt, fondasyon Barbancourt ap prezante fim Freda a an projeksyon inik nan otèl Karibe samdi 21 dawout avan li soti an Ewop ki prevwa pou 13 oktòb pwochen », ekri Gessica Généus sou rezo sosyal yo.

Pri Freda, long metraj fiksyon Gessica Généus reyalize a ap pwojte se 3750 goud. E 50% nan resèt yo pral jwenn viktim tranbleman tè yo.

Avèk Freda, Gessica Généus te fè lonè peyi Dayiti nan festival « Cannes » ane sa. Reyalizatris ayisyen an te loreya mansyon espesyal pri dekouvèt François Chalais, « TV5 Monde »e « France TV » te bay.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …