AYITI/IMANITÈ : YON GWOUP JOUNALIS POTE ÈD BAY MOUN NAN KOMIN LAZIL

Jounen mèkredi 18 dawout la yon gwoup jounalis pote yon valè èd imanitè nan komin Lazil nan sousi pou pote sekou a moun ki te viktim nan tranbleman tè a .

 » Inisyativ sa pran dimanch 15 dawout 2021 an, sou antèn « Radio Caribbean Fm », nan kad yon emisyon espesyal pou te pote solidarite pou moun ki viktim yo, kote oditè yo te deside bay èd yo jan yo kapab pou bay bourad ak moun nan dezyèm seksyon « Changé » komin Lazil ki plis viktim aprè pasaj tranblanntè a », selon esplikasyon jounalis Dieuva Occidor. Bò kote pa li, direktè enfòmasyon nan « Radio Caribbean Fm  » lan te prezide ekip emisyon an ki te gen Randel Manoly ak Enecy Phelix ki te rete pandan lendi ak madi pou ranmase èd pou moun ki viktim yo.

Pou fini, jounalis la remèsye administrasyon « Radio Caribbean Fm » ki te wè enpòtans yon inisyativ konsa ak tout oditè radio a ki te kolabore nan kad pwojè a pandan li pwofite poul mande ak moun nan lòt depatman tankou Lwès, Sidès, Latibonit, Nòdwès, elatriye pou pote solidarite ak moun nan Nip, Sid ak Grandans ki viktim anpil apre pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …