AYITI/MOVETAN : TANPÈT TWOPIKAL « GRACE » TOUYE POU PI PITI 4 MOUN AK YON LÒT DISPARÈT NAN DEPATMAN SIDÈS.

Tanpèt twopikal « Grace » ki frape gran Sid la sòti 16 pou rive 17 dawout 2021 an, fè anpil gwo dega nan  gran Sid la, pami yo 4 moun mouri ak yon lòt disparèt nan depatman Sidès.

Selon enfòmasyon Echo Jounal, 4 moun ki mouri yo se nan komin Marigo ak « Cayes Jacmel ». Tanpèt twopikal  » Grace » ki pase nan Sidès fè anpil dega kote li pote ale plizyè bèt peyizan, kraze jaden peyizan epi rann wout yo pa bon ditou selon sa nou aprann.

Tanpèt twopikal « Grace » pa reprezante danje sou peyi Ayiti, paske inite idwometewolojik Ayiti (UHM) leve alèt la. Li bon pou n fè remake, tanpèt « Grace » pase aprè popilasyon nan gran Sid la sot viktim anba « goudou goudou » samdi 14 dawout 2021 an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …