AYITI/ SEKIRITE : LAPOLIS TOUYE 3 PREZIME BANDI ANBA LAVIL PÒTOPRENS.

Lapolis touye jounen mèkredi 19 dawout 2021 an, 3 prezime bandi nan ang « Rue Pavée » ak « Grand-Rue ».

Selon enfòmasyon ki disponib sou kont twitè enstitisyon, ki fè konnen 3 prezime bandi sa yo mouri nan moman yo tap boukante kout zam ak lapolis.

Pou fini, Lapolis presize yo rekipere yon zam mak « Taurus PT809E, série occulte », lapolis konfiske yon motosiklèt mak « Haodjin », koulè vèt, plak TA-33377.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …