AYITI/DEMISYON: YON DIREKTÈ JENERAL FÈ YON KRAZE KITE SA NAN GOUVÈNMAN ARIEL HENRY A.

Ansyen direktè jeneral elektrisite Ayiti a (EDH) Michel Présumé, remèt demisyon li nan pòs li kòm direktè nan kad yon anons li fè sou kont twitè li.

Nan kad yon mesaj ansyen direktè jeneral (EDH) la, Michel Présumé, pibliye sou kont twitè n ap site » mwen ap fè tout moun konnen mwen demisyone nan pòs direktè jeneral (EDH) jounen mèkredi 19 dawout 2021 an », daprè deklarasyon Michel Présumé, ki pwofite poul remèsye tout moun ki te sipòte li yo.

Nou ap raple, Michel Présumé, te enstale kòm nouvo direktè elektrisite Dayiti (EDH), 13 jiyè 2020 kote li pase yon lane yon mwa nan pòs la kòm direktè jeneral EDH.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …