« PATI PLANSPA MOBILIZE POU L POTE ÈD BAY MOUN NAN SID AK MOUN NAN SIDÈS », PAWÒL DIEUDONNÉ LHERISSON

Lidè platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen an ( PLANSPA), Dieudonné Lherisson, fè konnen, nan yon konferans pou laprès li bay vandredi 20 dawout 2021 an, pati politik PLANSPA mobilize pou pote èd nonselman bay moun nan Gran Sid ki te viktim anba tranbleman tè, men tou bay moun depatman sidès kote te gen kèk vil ki te inonde pandan pasaj siklòn Gras la._

« Pati PLANSPA mobilize pou lap pote sipò bay konpatriyòt nou yo ki nan Gran Sid pandan nou mobilize tou pou nou oryante nou nan depatman Sidès, patiklyèman nan komin kay Jakmèl ak komin Marigo », deklare Dieudonné Lherisson ki te pwofite pou te raple komin Marigo te inonde ak 80% pandan pasaj siklòn Gras.

Daprè responsab pati Planspa a, menm si pozisyon jewografik Marigo pwoblematik, komin nan inonde paske pa te gen yon politik piblik ki te mete sou pye pou te pote koreksyon nan basen vensan ki nan seksyon kominal yo.

« Nou menm nan pati PLANSPA nou pran angajman pou nou rive konstwi yon lòt Leta avèk dirijan ki gen konsyans ak kapasite pou defini de politik piblik k ap pèmèt nou limite dega yo lè gen katastwòf natirèl », Pawòl Dieudonné Lherisson ki, an menm tan, pwofite pou fè otorite konsène yo konnen komin Marigo lage de bwa balanse apre pasaj tanpèt twopikal Gras.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …