AYITI/ASASINA: « SE RESPONSAB SEKIRITE JOVENEL MOÏSE YO KI TE LIVRE LI », DAPRÈ YON RAPO KI SOTI.

Rezo nasyonal ki ap defann dwa moun (RNDDH) mete deyò yon rapò sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Daprè RNDDH, se responsab sekirite Jovenel Moïse yo ki livre li.

Nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, Jovenel Moïse asasinen lakay li nan pèleren 5. Selon RNDDH se responsab sekirite ansyen chèf Leta Jovenel Moïse yo ki livre li.

Nan yon rapò ankèt ki gen 28 paj, rezo nasyonal ki ap defann dwa moun nan fè konnen, nan pati metodolojik rapò a, yo konsilte plizyè pwosè vèbal jij de pè ki te sou dosye a te fè. Pami enstitisyon ak moun RNDDH pale pou rive mete rapò ankèt sa sou sa pye, gen DCPJ, IGPNH, DAP, USP, Cat team ak moun ki ap pase nan katye pèleren.

Daprè RNDDH, depi lè Jovenel Moïse rive nan tèt peyi a nan lane 2017, dwa sivil, politik ak kiltirèl pa te sispann anba pye.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …