AYITI/IMANITÈ: SEKTÈ DEMOKRATIK LA ANONSE YO AP POTE SOLIDARITE BAY MOUN KI VIKTIM NAN DEPATMAN NIP.

Aprè vire tounen delegasyon manm sektè demokratik ak popilè (SDP), òganize madi 24 dawout 2021 an nan divès komin nan depatman Nip ki viktim anba tranbleman tè 14 dawout la, manm sektè a anonse yo pral distribiye èd bay popilasyon an ki viktim nan depatman an.

Nan kad yon konferans pou laprès, nan Komin Ansavo, responsab distribisyon èd yo nan sektè demokratik ak popilè a Serge Pierre, bay garanti èd sa yo pral kapab rive jwenn moun ki vrè viktim yo parapò ak yon ankèt sou kantite viktim yo manm sektè a rive kolekte.

Pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a mèt Andre Michel, salye epi felisite tout manm sektè demokratik la ki pote solidarite ki nan Gran Sid la, mèt, avoka ki mande ak otorite nan Leta pou pran responsabilite yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …